Kilti ~ Mesay politik nan Ayiti 3
(a) “Aristid, jèn Tokyo avè ou pou 2001 ka bon toutbon,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
(b) “Koudeta, pa koudeta, RAMIPAC ak Titid 2001,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
(c) “Wè pa wè, 2001 rèd,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
(d) “Pa gen jistis san dezokipasyon peyi a – APN,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
Kesyon
1. Nòt: “Tokyo” se yon katye defavorize. Kisa jèn nan katye sa a vle montre
nan (a)?
2. “Koudeta, pa koudeta” nan foto (b) se yon referans ki fè nou
sonje kisa?
3. Kijan nou konnen foto (c) reprezante opinyon opozisyon Aristid
la? Konpare (a) ak (c).
4. Kisa ekspresyon “wè pa wè” ak “rèd” vle di nan
foto (c)?
5. “Dezokipasyon” nan foto (d) se yon referans ki fè nou sonje
kisa? Eske Ayiti toujou okipe?
6. Ki rapò genyen ant “jistis” ak
“dezokipasyon”?
Foto yo pa Benjamin Hebblethwaite
Return to Haitian Creole Courses