Kilti ~ Mesay politik nan Ayiti
(a) "Titid se ou n ap tann," Pòtoprens, Ayiti, 2001
(b) "Fòk kriminèl yo jije anvan eleksyon," Pòtoprens, Ayiti, 2001
(c) “Lapè nan tèt, [lapè] nan vant – OSA + 2001 = Titid,” Pòtoprens, Ayiti, 2001
Kesyon
1. Dekri enpòtans koulè yo ki marye ak mesay nan foto (a).
2. Dekri estil
lèt yo nan (a). – Poukisa prezantasyon an pwòp konsa?
3. Nan pèspèktiv istwa
resan an, “kriminèl yo” nan mesay (b) se ki kalite kriminèl?
4. Kontraste
estil lèt ak òtograf ant (a), (b) ak (c).
5. Ann Ayiti ki sans mesay nan (c)
genyen an?
6. Ozetazini èske nou t ap jwenn yon mesay tankou (c) nan eslogan
politik nou yo?
7. Dapre ou menm, kijan pou yon moun genyen lapè nan vant,
lapè nan tèt?
Return to Haitian Creole Courses