Vijilans
Tradui pa Ben Hebblethwaite, 2004
Pale nan Bwa Vivta konsènan Syamavati
1
Vijilans se chemen Imòtalite; sa ki pa avèti, se lakay lanmò.
Moun ki vijilan yo p ap mouri, men sa ki pa avèti yo deja tankou mò.
2
Nan fason sa a saj la konprann enpòtans kritik vijilans; vijilan yo
plen yomenm ak enèji, enpi yo rejwi nan yon kondit sen.
3
Saj yo ap toujou medite, djanm enpi kal. Yo suiv vèti a, yo atenn nivana
ki pi wo a.
Pale nan Bwa Banbou konsènan Koumbaghosaka
4
Eveye enpi konsyan, avèk aksyon ki pur enpi kè kal ki sèten,
vijilan yo dedye lavi yo pou Dama a, epi laglwa yo ogmante.
Pale a Pantaka Pi Jèn nan nan Bwa Banbou
5
Grasa konsyans ak vijilans, grasa sanfwa ak bonjan kontwòl sou pwòp
tèt pa yo, saj yo fè ak yomenm yon zile kote vag yo pa ka janm
vale teren.
6
Moun ki bouki yo, ki nan tout sa k ba, anbrase pwòp neglijans pa yo.
Saj yo veye vijilans jan yo t ap veye yon gran bijou.
7
Nan kiltivasyon vijilans, ou pral atenn lajwa k ap grandi. Pa kite endiljans
pwòp tèt pa ou atire ou – ou pa ka konte sou plezi dezi
a yo.
Pale a Mahakasyapa:
8
Lè saj yo ranplase apsans swen ak bonjan swen, yo monte nan wotè sajès
ki klè a enpi yo gade kèpòpòz sou mas moun k ap
soufri yo tankou yonn ki sou tèt yon mòn k ap gade laplenn nan.
9
Vijilan pami neglijan yo, eveye pami moun k ap dòmi yo, saj yo tankou
bèl chwal yo, yo kite plenyadò yo dèyè.
10
Se te grasa vijilans konsa Indra te vin senyè bondye yo. Konsa bondye
yo deteste neglijans enpi yo kenbe vijilans ak gwo estim.
11
Mwàn ki jwi nan vijilans gade neglijans kou yon bagay terib. Konsyans
mwàn nan tankou yon dife k ap boule tout atachman ki gwo ak piti yo.
12
Yon mwàn ki jwi nan vijilans gade neglijans kou yon bagay terib – li
pa posib pou l echwe, enpi l toupre nivana.