Pale nan Bwa Djetavana konsènan nèg pòv la:
1
Pou moun ki pa ka dòmi, nwit la long. Pou moun ki bouke, wout la long.
Pou moun òdinè ki pa konnen anyen nan Dama sen an, samsara long.
Pale nan Radjagra:
2
Si ou pa ka jwenn yon konpay ki egal ou oubyen ki pi bon pase ou menm, vwayaje
pou kont ou – pa vwayaje ak yon moun sòt.
Pale nan Sravasti a Nanda:
3
Sòt la pare tèt li nan ap panse: “Sila yo se pitit mwen
yo, sa a se richès mwen.” Men li menm li pa menm pwòp posesyon
pa l la, alò ki sa ou ka di sou pitit li yo ak richès li a?
4
Yon sòt ki konsyan se moun sòt li ye omwens konnen otan. Men
sòt ki fyè de konesans li a merite pote non sòt la.
Pale nan Bwa Djetavana konsènan Oudayi:
5
Yon sòt te mèt asosye ak saj yo pandan tout lavi li, men l p
ap janm konprann Dama a. Èske kiyè bwa a [ladel] kapab goute
soup la?
6
Yon nonm ki entelijan te mèt rankontre saj yo pou jis yon moman oswa
de, men l konprann Dama a vit, menm jan lang lan goute soup la.
Pale nan Rajagra:
7
Sòt ak mechan yo se pwòp pi move lènmi yo ye. Yo fè aksyon
ki mal ki pral fè fwi anmè yo donnen.
8
Pa fè aksyon ou pral regrèt pita: aksyon sila yo ki pral vin
plen doulè ak lamizè nan lavni an.
9
Fè aksyon sila yo ou p ap janm regrèt: aksyon ki pral vin plen
lajwa ak kè kontan nan lavni.
Pale nan Bwa Djetavana konsènan Utpalavana:
10
Jiskaske yon zak ki mal vin rèk, sòt la ka twouve l dous kou
myèl. Men lè mal la vin fèt, lè sa a sòt
la fèt pou l soufri.
Pale nan Bwa Banbou a konsènan flannè [wanderer] Djambouka:
11
Mwa apre mwa sòt la jwe wòl asetik la, ap manje manje l ak pwent
yon wozo [blade of grass]. Men li pa vo menm yon ti kal nan yon ti kal konpare
ak sila yo ki delibere sou Ansèyman yo.
12
Yon zak ki mal se tankou lèt: petèt li p ap vin anmè touswit.
Yon zak ki mal boule [smolder] tankou chabon tere ki pral boule ou yon lòt
jou.
Pale nan Bwa Banbou:
13
Pou tout tan sòt la ap demontre konesans san sans, sa a pral retonbe
sou tèt li pou l detwi sa li genyen ki bon an.
Pale a Soudama nan Bwa Djetavana:
14
Sòt la anvi sa ki pa egziste: gwo ran pami mwàn yo, pou li lidè pami
sila yo ki an retrèt, pou li toujou resevwa onè nan kay zòt.
15
“
Kite ni mwàn yo ni manm tanp lan kwè se mwen ki chef tout sa
ki fèt enpi sa ki kite san l pa fèt.” Se konsa sòt
la panse, l ap ogmante dezi li, fyète l, l ap twonpe tèt li.
Pale nan Sravasti konsènan Tisya:
16
Chemen ki mennen nan vin yon gwo chabrak nan lemonn nan se yonn, chemen ki
mennen nan nivana a se yon lòt toutbon. Mwàn ki swiv ansèyman
Bouda yo konprann byen klè diferans lan. Alò pa pran okenn plezi
nan rekonesans, men louwe detachman!
Return to Ben Hebblethwaite's homepage