Damapada
Tradui pa Ben Hebblethwaite, 2004
Vèsè Marasa
Pale bò kote Sravasti osijè mwàn Kaksouspala
1
Tout bagay gen lanati lespri a. Lespri a se chèf la enpi se li ki mennen.
Si lespri a klè, nenpòt sa ou fè oubyen di pral fè kè kontan
suiv ou tankou lonbray ou.
2
Tout bagay gen lanati lespri a. Lespri a se chèf la enpi se li ki mennen.
Si lespri a polye, nenpòt sa ou fè oubyen di mennen nan soufrans
ki pral suiv ou, tankou yon kabwèt ki dèyè yon chwal.
Pale pou Tisya nan Bwa Djetavana [Jetavana Grove]
3
“
Yo ta nwi m. Yo ta anbarase m. Yo ta vòlè m. Yo ta kraze m.” Moun
ki panse konsa yo p ap janm libere de rayisans yo a.
4
“
Yo ta nwi m. Yo ta anbarase m. Yo ta vòlè m. Yo ta kraze m.” Moun
ki pa panse konsa yo ap libere de rayisans yo a.
5
Lènmi ou yo p ap janm fè lapè anfas rayisans – se
absans rayisans ki mennen nan lapè. Sa se yon verite etènèl.
6
Nou se sèlman vizitè k ap vizite lemonn sa a, sepandan pi fò moun
pa konnen sa. Moun ki wè sitiyasyon reyèl la, pa santi yo anvi
fè dispitay.
Pale nan Sravasti konsènan Kala ki Pi Gran ak Pi Piti
7
Viv pou chache plezi, sans yo estimile san fen, tout apeti yo nouri, endisipline
ak paresè, Mara pral fè ou vole, san fòs, kou yon ti branch
nan yon siklòn.
8
Avèti sou sa nan lavi a ki pa bon, sans yo disipline ak apeti yo kontwole,
plen lafwa ak jefò, ou tankou yon mòn wòch nan yon siklòn,
konsa Mara pa ka manyen ou.
Pale nan Sravasti konsènan Devadata
9
Moun ki plòtonnen kò l nan rad yon mwàn san l pa netwaye
sa ki pi lèd nan limenm, yonn ki manke ni ladrès ak laverite,
li pa merite rad safran mwàn yo.
10
Yonn ki kenbe fèm nan disiplin tèt li enpi netwaye tout polisyon
nan nannan l, yonn chaje ak disiplin ak laverite, li merite rad safran mwàn
yo.
Pale nan Bwa Banbou konsènan Sandjaya
11
Yon moun ki wè sa k gen sans tankou sa k san sans, enpi sa k san sans
kou sa k gen sans, li kapab fè manti ak fiksyon ase, enpi l p ap janm
rive nan vre sans.
12
Yon moun ki wè sa k gen sans tankou sa k gen sans, enpi sa k pa gen
sans tankou sa k pa gen sans, li kapab konprann toutbonvre, enpi l ap jwenn
kè sans lan.
Pale nan Nanda nan Sravasti:
13
Menm jan lapli ap koule nan yon kay ki gen yon do ki mal fèt, dezi ak
atachman ap koule nan yon kay ki pa pwoteje pa konsyans meditativ.
14
Menm jan lapli pa antre nan yon kay ki gen yon do ki byen fèt, dezi
ak atachman pa antre nan yon kay ki pwoteje pa konsyans meditativ.
Pale nan Bwa Banbou a konsènan Kounda:
15
Soufrans nan lavi sa a vin soufrans nan lavi pwochen an; moun ki fè mal
la soufri nan toulede. Lè ou wè jan aksyon ou yo te manke dwat,
ou pral toumante.
16
Lajwa nan lavi sa a vin lajwa nan lavi pwochen an; moun ki fè byen an
rejwi nan toulede. Lè ou wè jan aksyon ou yo te dwat, ou pral
kontan, ou pral rejwi.
Pale konsènan Devadata:
17
Toumante nan lavi sa a, toumante nan lavi pwochen an; moun ki fè mal
la toumante nan toulede. Lamizè move zak ou yo ap anvayi ou, enpi tonbe
nan yon rejyon ki pi ba, ou pral soufri pi plis.
18
Kontan nan lavi sa a, kontan nan lavi pwochen an; moun ki fè byen an
kontan nan toulede. Kè kontan ki soti nan byen ou te fè a ap
yon bèl bagay pou ou, enpi lè ou pase nan rejyon selès
yo, kè kontan ou a ap kontinye grandi.
19
Malgre ou kapab resite anpil pawòl nan ansèyman yo, si mo ou
yo pa akòde ak aksyon ou yo, ou tankou yon moun ki konte richès
yon lòt, konsa ou pa sanse konte pami prèt yo.
20
Ou sanse konte pami prèt yo malgre ou pa konn anpil bagay sou filozofi – si
aksyon ou yo akòde ak Dama a, enpi ou te renonse dezi, rayisans ak panse
chemerik, si lespri ou chaje ak sajès ki vre, enpi ou pa kenbe anyen
nan lemonn sa a oswa pwochen an.
Back to Ben Hebblethwaite's Homepage