Pale nan Mòn Kaliya
1
Lespri a ajite enpi l malen, li difisil pou kalme, li difisil pou veye. Kou
yon sòlda ki konn tire banza fè tout flèch li drèt,
saj yo fè lespri yo drèt.
2
Tankou yon pwason lanmè a te voye jete ap tranble sou plaj la, lespri
a trasayi san kontwòl, lage nan rejyon Mara a.
Pale a Sravasti
3
Lespri a virewon enpi l jwe lago, li fè mouvman kote l vle ale. Donte
l se asireman yon mèvèy – paske yon lespri disipline envite
vre lajwa.
4
Lespri a tankou lespas, li difisil pou wè, li fè mouvman kote
l vle ale. Veye l ak swen, se asireman saj: yon lespri veyatif envite vre lajwa.
5
Lespri a, etan l san fòm, byen kache nan dimansyon [haunts] li yo pandan
l ap flannen isi e la pou kont li. Moun ki kenbe lespri a enpi donte l libere
de antrav Mara yo.
6
San l pa konnen anyen sou Dama ki sen an, lespri a pa janm ret alèz.
Puiske pwofondè klè yo anbwouye, sajès konplè ki
bon nèt la pa janm parèt.
Pale nan Sravasti:
7
Moun ki gen lespri ki libere de chenn, ki gen lespri ki pa flannen, ki abondonnen
panse sou merit oubyen peche, yo eveye e san pè.
8
Moun ki konnen kò a se yon krich ki frajil fè yon kay fò ak
lespri yo. Yo toujou vijilan, enpi ak nepe sajès la yo fè lagè konstan
ak Mara.
Pale nan Sravasti a Tisya:
9
Elas! Nan yon ti tan tou kout, kò sa a pral pèdi konsyans li:
Li pral fin lonje la a atè a kouwè yon chouk bwa san branch.
10
Lespri ki mal gide fè plis mal pase mal yon lènmi enflije sou
lènmi l.
11
Lespri ki gide kòrèk aji pou lebyen ki pi gwo pase menm lebyen
paran nou oubyen lòt moun nou konnen te fè.